Kès · Restoran · Boutik · Bar

Tout biznis ou,
nan yon sèl kès.

TOKPOS se sistèm kès ak jesyon biznis ki fèt pou reyalite Ayiti a: vann, sèvi tab, jere stock, swiv kliyan — an Kreyòl, an HTG, san tèt chaje.

San kat kredi Konfigire nan mwens pase yon jou Sipò lokal an Kreyòl
TOKPOS
Sistèm kès & jesyon biznis
Caisse & Vente
Gestion des tables
App Serveuse
Cuisine · Bar · Frigo
Stock & Fournisseurs
Rapò & Statistik
Cadeau & Fidelizasyon
Total Gratis 7 jou
TOKPOS · IPSOTECH · AYITI
Yon machann k ap sèvi yon kliyan ak TOKPOS sou yon tablet nan yon boutik

Senp pou tout moun sèviYon machann ka aprann TOKPOS an mwens pase yon lè — pa gen fòmasyon konplike.

Kijan li mache

Twa etap, soti nan kòmand rive nan peman

01

Kòmande

Serveuse a antre kòmand lan sou telefòn oswa tablet, caissier a valide l nan yon klik.

02

Prepare

Cuisine, bar, ak frigo resevwa sèlman sa ki konsène yo — otomatikman, san pale.

03

Peye

Kalkile total la, aplike rabè si nesesè, epi enprime resi ak fich an yon sèl klik.

Wè l an aksyon

Menm sistèm nan, de bò diferan

Serveuse a voye kòmand lan an yon tap — kwizin lan resevwa l imedyatman, san pale, san papye.

Yon serveuse k ap voye yon kòmand pou Table 5 dirèkteman nan kwizin lan sou tablet li
App Serveuse

Kòmand lan pati nan yon sèl tap

Serveuse a antre sa kliyan an mande, epi voye l nan kwizin lan san l pa bouje.

Ekran kwizin TOKPOS k ap montre tikè kòmand pou Table 5 pandan kwizinye yo ap prepare manje
Ekran Cuisine

Tikè a parèt nan kwizin lan touswit

Chak pòs (cuisine, bar, frigo) wè sèlman sa k konsène l — klè, an lòd, san konfizyon.

Sa TOKPOS fè

Tout sa yon jesyon biznis mande, deja ladan l

Ou pa bezwen 5 app diferan pou jere biznis ou. Yon sèl sistèm, tout fonksyon yo.

Caisse & Vente

Vann pi vit ak yon panye senp, kalkile monnaie otomatikman, epi enprime resi san pann.

Gestion des tables

Swiv tout tab yo an tan reyèl: ki moun ki okipe, ki serveuse k ap sèvi, konbyen yo dwe.

App Serveuse

Serveuse yo pran kòmand dirèkteman sou telefòn/tablet — li ale dirèkteman nan kwizin.

Cuisine, Bar & Frigo

Chak pòs resevwa sèlman sa k konsène l, ak tan preparasyon swiv otomatikman.

Stock

Konnen egzakteman konbyen ou genyen, resevwa alèt lè yon pwodwi prèske fini.

Clients & Cadeau

Swiv kredi kliyan yo respekte limit otomatikman, epi bay cadeau selon konbyen yo achte.

Rapò & Statistik

Wè vant ou, pi bon pwodwi, ak pi bon anplwaye — chak jou, chak semèn, chak mwa.

Sekirite & Odit

Chak aksyon trase: ki moun, ki lè, sa yo fè — pou w toujou konnen sa k ap pase.

Kach & Enprime

Kalkile monnaie pou remèt otomatikman, epi enprime fich vant, kwizin, ak rapò nan yon klik.

Abònman

Chwazi plan ki fè pou biznis ou

Tout plan yo gen menm sekirite ak menm sipò lokal la. Ou ka chanje plan nenpòt lè.

Esansyèl
2 500 HTG / mwa
Pou ti boutik ak komès dirèk
  • Caisse & Vente
  • Gestion stock debaz
  • Jiska 2 itilizatè
  • Rapò debaz
  • Sipò pa imèl
Antrepriz
Sou Devis
Pou chèn ak plizyè lokal
  • Tout sa ki nan Pwofesyonèl la
  • Plizyè sit / lokasyon
  • Itilizatè san limit
  • Fòmasyon sou plas
  • Sipò priyoritè 7/7
Eseye l gratis

Mande yon demo — 7 jou, san angajman

Nou konfigire yon espas tès pou biznis ou, ak done pa ou, pou ou wè si TOKPOS fè pou ou anvan ou peye anyen.

  • Aksè konplè pandan 7 jou, tout fonksyon aktive
  • Yon moun IPSOTECH ap kontakte w nan mwens pase 24è
  • Fòmasyon rapid pou ekip ou (caissier, serveuse, kwizin)
  • Okenn kat kredi mande

Ranpli fòm lan

Nou reponn nan mwens pase yon jou travay.

Materyèl

Sèvi ak materyèl ou deja genyen — oswa ak sa nou rekòmande

TOKPOS mache sou tablet, telefòn, oswa òdinatè. Si w vle yon poz kès konplè, men sa nou rekòmande:

  • Enprimant resi

    Enprime resi, fich cuisine/bar/frigo, ak rapò dirèkteman.

  • Tablet oswa telefòn

    Sèvi kòm kès prensipal, oswa kòm aparèy serveuse pou pran kòmand.

  • Lekti kat (opsyonèl)

    Aksepte peman pa kat dirèkteman nan kès la si w vle.

  • Tiwa lajan

    Louvri otomatikman apre chak vant cash, ak yon fèmti kle pou sekirite.

Pa gen materyèl sa yo? Pa gen pwoblèm — TOKPOS fonksyone konplètman sou yon sèl telefòn oswa tablet.
Materyèl kès TOKPOS: enprimant resi, tablet sou sipò, lekti kat, scanner, ak tiwa lajan
Kontakte nou

Nou la pou reponn ou

Adrès

1, Clercine 16, Tabarre, Haïti

Telefòn

4178-0338 · 4868-0303